Direksyon Jeneral Lotri Leta Ayisyen deklare lagè kont gwo zotobre ki pa vle peye lotri a lajan yo dwe

Nan yon kominike pou Laprès li mete deyò jou ki te jedi 24 mas 2022 a, aprè yon konferans pou laprès, Direksyon Jeneral Lotri Leta Ayisyen an, ki gen nan tèt li Luc Ouanche eksprime atachman l ak misyon li genyen pou sèvi leta ak kominote ayisyèn nan e tout aktè k ap evolye nan sistèm jwèt aza nan peyi a pou kapab bay rezilta selon prensip lwa ki kreye LEH la.

Direktè Jeneral la, Luc Ouanche lonje dwèt sou kèk nan gwo zotobre ki pa deside peye lotri a, tankou Eric JEAN-BAPTISTE pou Père Eternel Loto, Lesly Center, elatriye. Toutfwa direksyon Jeneral la fè konnen yon fwa ankò li deside chita pale ak tenansye , pwopriyetè tout jwèt aza ak konsesyonè yo.

Si toutfwa negosyasyon yo ta echwe, l ap aplike tout mezi lalwa prevwa pou kontrekare sistèm gwo chabrak jwèt aza yo pou fòse yo peye leta taks ki dwe vin jwenn lotri a nan pi brèf delè, daprè sa direksyon Lotri a avanse.

Pi lwen, Direktè Jeneral la anonse ofisyèlman sèvis rekouvreman ap rive sou tout sila yo ki nan sektè jwèt aza tankou : Bòlèt, kazino, jwèt anliy, jwèt ti machin ak lajan, pou n di sa yo selman.

Nan menm okazyon sa, responsab yo nan lotri a te pwofite anonse divès aktivite y ap gen pou reyalize nan okazyon 95yèm anivèsè lotri leta ayisyen nan dat 6 avril kap vini la.

Publié par AlterNewsOnline

Toutes les dernières informations en créole et en français. Flash, Alerte, Breaking News Infos/Actu

Laisser un commentaire