Nan yon nòt li fè soti jodi madi 7 desanm 2021 an, Direksyon jeneral ONA a fè konnen ak tout pansyonè li yo ke sèvis medikal enstitisyon an dezòmè disponib pou yo.
Nan menm nòt sa tou, Direksyon jeneral ONA pwofite pou li enfòme pansyonè li yo ke chak madi ak jedi yo ka pase vin konsilte gratis nan biwo santral enstitisyon an ki chita kòl nan delmas 17.
Nap raple ke nòt sa pote siyati Doktè Chicoye SUPRÊME ki se kwòdonatè Inite medikal ansanm ak Jemeley Marc JEAN BAPTISTE ki se Direktè jeneral ONA.

